Pwoteksyon Done Pèsonèl · Lekol & AI Cash Academy

Politik Konfidansyalite

Dènye mizajou : Oktòb 2026. Nou pran sekirite done pèsonèl ou trè serye. Dokiman sa a eksplike an detay kijan nou kolekte, trete, epi pwoteje enfòmasyon ou yo sou platfòm lekol.net.

01.Enfòmasyon Nou Kolekte

Nou kolekte sèlman enfòmasyon ki esansyèl pou pèmèt ou resevwa fòmasyon an epi jere kont ou an sekirite :

  • Non ak Prenon : Pou pèsonalize kont ou epi emèt diplòm ofisyèl ou an.
  • Adrès Imèl : Pou voye kòd otantifikasyon 2FA yo, lyen leson yo, ak resi kòmand ou.
  • Nimewo Telefòn (opsyonèl) : Si w chwazi fè peman pa Natcash oswa rejwenn gwoup asistans la.
  • Done Teknik : Adrès IP ak kalite aparèy ou a pou detekte nenpòt tantativ fwod oswa koneksyon ilegal sou kont ou.

Analiz vizit ak chwa ou

Avèk konsantman pou bonbon opsyonèl, Lekòl konte navigatè inik, sesyon ak paj wè depi aktivasyon analiz la. Yon idantifyan o aza ki valab jiska yon ane ede evite konte yon rafrechisman kòm yon nouvo vizitè. Nou konsève sèlman peyi apwoksimatif Vercel bay la, kategori aparèy, navigatè, modèl chemen paj yo ak lè aktivite yo nan Supabase pou estatistik istorik. Analiz sa a pa konsève non, imèl, IP brit, GPS, rechèch, kòd peman oswa kontni mesaj. Sèl administratè otorize ka konsilte li. Navigatè ki refize bonbon opsyonèl oswa aktive Do Not Track / Global Privacy Control pa antre nan analiz la. Ou ka chanje chwa ou anba a; efase bonbon oswa chanje navigatè kapab kreye yon nouvo idantifyan.

02.Kijan Nou Itilize Done Ou Yo

Enfòmasyon ou yo itilize sèlman pou rezon pedagojik ak sekirite sa yo :

  • Otorize aksè imedya a tout modil videyo, dokiman, ak resous telechajab yo.
  • Swiv pwogresyon ou nan leson yo epi valide etap konesans ou.
  • Emèt ak anrejistre diplòm ofisyèl ou a nan rejis nimerik la.
  • Kominike avèk ou sou mizajou enpòtan nan fòmasyon an oswa chanjman zouti AI yo.

03.Chifreman SSL 256-Bit & Pwoteksyon Sekirite

Tout tranzaksyon ak echanj done sou platfòm Lekol ak AI Cash Academy yo pwoteje pa yon chifreman SSL 256-Bit wo nivo.

Modpas ou yo chifre ak fonksyon kriptografik modèn (hashing) ki fè li enposib pou nenpòt moun — enkli administrateur nou yo — wè modpas ou an klè. Tout done yo estoke sou sèvè nimerik sekirize ki satisfè pi gwo estanda entènasyonal yo.

04.Zewo Pataj ak Zewo Lavant Done

Nou pran angajman fèm : Nou pa janm vann, lwe, ni pataje done pèsonèl ou bay okenn konpayi piblisite, koutye done, oswa twazyèm pati deyò.

Sèl patnè teknik ki trete done ou yo se procesè peman sekirize nou yo sèlman pou objektif valide peman an ak kreye kòmand lan.

05.Dwa Ou Yo Kòm Etidyan

Kòm manb platfòm nan, ou gen kontwòl konplè sou enfòmasyon pèsonèl ou :

  • Dwa Aksè : Ou ka konsilte tout done nou estoke sou ou nan pwofil etidyan ou an.
  • Dwa Modifikasyon : Ou ka mete ajou enfòmasyon ou yo nenpòt lè sou espas paramèt ou.
  • Dwa Sipresyon : Ou ka mande siprime kont ou ak done ou yo lè w kontakte sipò teknik la.

06.Kontak sou Zafè Konfidansyalite

Si w gen nenpòt kesyon, enkyetid oswa demann sou fason done ou yo pwoteje, ou ka kontakte responsab pwoteksyon done nou yo dirèkteman sou espas sipò a oswa via chèn WhatsApp VIP la.

© 2026 lekol.net . Tout dwa rezève. Kreye pa STERLIN NETWORKS LLC

← Retounen sou Paj Akèy la
Politik Konfidansyalite — AI CASH ACADEMY · AI CASH ACADEMY